Yon lendi aprè-midi nan fen lane 2023, mwen te deside ale nan MODSOL pou m al ansenye Pawòl Bondye nan yon etid biblik. Yon ti lapli te fin tonbe anvan m deplase, sa ki vin fè m pa jwenn pèsonn lè m rive.
Pandan m t ap reflechi sou kijan pou m tounen lakay mwen, Sentespri mete sou kè m pou m rann yon vizit avèk madanm mwen lakay yon zanmi nan lafwa, yon sè ke m konn toujou leve nan lapriyè. Non li se madan André, men anpil moun rele li sè Rose.
Lè nou rive Matye, nou frape. Li vini ouvri baryè a ak yon lajwa ekstraòdinè, pandan l di :
“Oh ! Mesye, Jezi renmen m vre ! Nan sa m ye la, men l voye pastè m lan ak madanm li lakay mwen !”
Li ba nou chèz, nou chita. Se lè sa li kòmanse rakonte m istwa li.
Li di m ke Jedi kap vini la, li gen pou l al opere Mibalè, e yo mande l 16 000 dola ayisyen pou operasyon an. Lè m mande l kisa li genyen, li eksplike m li te ale lopital paske li te gen yon doulè anba vant ki pa janm sispann.
Yo te fè l radyografi, epi yo te jwenn yon gwo kist ki t ap devlope, e doktè yo di fòk yo opere l touswit, paske kist la te gentan vin twò gwo.
Pandan li ap pale ak mwen, mwen santi yon pouse nan lespri mwen pou m lapriyè pou li, epi pou m poze menm sou vant li, paske Bib la di :
“Ils imposeront les mains aux malades, et les malades seront guéris.”
M mande l ak anpil delikatès :
“Èske m ka depoze men sou vant ou, kote doktè yo te jwenn kist la, pou m ka deklare disparisyon li nan non Jezi ?”
Li ban mwen pèmisyon.
Madanm mwen te kòmanse chante yon chan ki di :
🎶 “Li geri ankò, ankò, ankò…” 🎶
Pandan chan sa t ap chante, mwen santi prezans Bondye te vin trè fò anpil — prezans Bondye te tèlman entans, m vin frèt se kòmsi gen yon è kondisyone ki pase, mwen wè ak de je m glwa Bondye tankou yon lafimen ki kouvri nou nan kay la.
Pouse pa Sentespri, mwen pale avèk kist la epi mwen di :
“Kist, kèlkeswa dimansyon ou ye a, kèlkeswa kantite ane ou te pran pou w vin gwosè sa a,
mwen deklare jodi a menm ou disparèt nan non Jezi !
Se pou medsen chèche ou nan kò sila, pou yo pa janm jwenn ou, ni jodi a ni nan tan k ap gen pou vini.”
Apre lapriyè a, mwen poze mo benediksyon, epi mwen ak madanm mwen pran wout nou n al lakay nou.
Jou Jedi a rive.
Sè André pare pou operasyon, valiz li ranje, 16 000 dola a deja depoze.
Lè li rive lopital la, yo deside fè yon dènye radyografi avan operasyon an.
Doktè a pase yon jèl — li pa wè anyen.
Li pase yon dezyèm — toujou anyen.
Li fè yon twazyèm — l ap chèche kist la li pa wè l. Kist la disparèt nèt ! 😱
Doktè a sezi. Li di :
“Men non, sa pa posib… Kot fenomèn sa soti”
Men sè André bò kote pa l sonje pawòl Bondye te di lè n te itilize bouch mwen pou di :
“Kist, kèlkeswa dimansyon w ye a… mwen deklare jodi a menm ke w disparèt nan non Jezi !”
Li retounen lakay li ak lajan operasyon an nan men li, paske pawòl Bondye te deja fè operasyon an san kouto.
🕊 Si ou menm tou w ap viv menm sitiyasyon sa a,
si gen yon kist, yon maladi, oswa yon menas ki leve kont kò w,
m deklare kounye a :
Se pou prezans Bondye kouvri w kote ou ye a.
Se pou Jéhovah Rapha, Bondye ki geri a, ki konn fè operasyon sa kouto a fè w operasyon pa w la tou san kouto.
Se pou doulè w la sispann, e kist sa disparèt nèt nan non JEZI-CHRIST !
Paske JÉSUS-CHRIST DÉLIVRE ENCORE ! 🔥
Pasteur Evenson Marcelus