Nan mache ak Bondye, mwen viv anpil eksperyans ki fè m pa janm doute ke Bondye reyèl. Temwanyaj sa m pral ba nou an fè pati youn nan pi bèl eksperyans mwen ak li, se te yon swa kote Bondye te vizite m nan yon sonj e Li te pale anpil koze ak mwen nan jou sa a. M ap gentan rakonte w premye eksperyans vizitasyon sa a si Bondye banm pèmisyon.

Depi jou fenomèn sa te pase pou premye fwa nan vi mwen, mwen vin konsyan ke mwen se yon moun ki nan yon gwo alyans ak Bondye. M di sa pa pou m vante tèt mwen, paske mwen konn pozisyon Bondye kont ògèy, dyòlè, elatriye. Men alyans sa a fè de mwen yon sous benediksyon, yon papa nan mond lespri a, yon moun kote malè w ka kòmanse lè w ap chèche fè l mal, e konsa tou benediksyon ka demare lè w chwazi fè l sa ki byen.

Se te yon frè ki jiskaprezan ap viv Etazini, e li te antre nan pwogram Biden lan. Mwen menm ak kèk manb Ministè Efficace te rasanble sa nou te genyen pou n al sou plas Anakawona a pote manje bay moun ki t ap viv nan difikilte yo. Frè Roberto te toujou di m :
« Pa janm fè aktivite konsa san m pa mete l okouran, paske fòk mwen kontribiye e fòk mwen la, paske mwen renmen Bondye w lan twòp. »

Lè m anonse l dat aktivite a, li te rankontre ak mwen e l te banm 20 dola ameriken pou travay la fèt, paske li te di li pa ka bay kòb Ayisyen pou yon travay konsa. Nan aprè-midi kote nou t ap bay manje a, frè a te pran aktivman pou li e ak tout kè l m wè l k ap kouri pote manje bay moun yo.

Depi jou sa, mwen te santi nan kè m ke Bondye pral beni li, e Li pral vizite l tou. Nan menm sware aprè aktivite a, Letènèl parèt devan sèvitè a, li montre l tout sa Ministè pral vin ye, tout wout Bondye pral fè avèk mwen. Li voye yon vòys 16 minit ban mwen ki retrase plan lavi m ak plan ministè m. Pandan m ap tande vòys la, Lespri Bondye sezi m, paske m te sezi wè tout sa m vo nan je Bondye.

Nan mitan mesaj la, frè a di : « Papa, m vle vin yon manb nan Ministè a. »

Kèk jou apre, pandan m sot reponn yon envitasyon kri de nwi nan gwoup « Combattants du Calvaire » ke frè Valdano ap dirije, mwen louvri pòt machin mwen, mwen chita, epi m te prèt pou m demare pou m al lakay mwen. Li kite sèvis la kou l wè m te leve pou m al lakay mwen. Li al kanpe dwat devan machin lan, li kanpe devan machin lan la, li kòman retire kostim ki te sou li a epi li kòmanse siye machin mwen ak kostim.

M desann vit la ak anpil imilite, mwen di l : « Non, non sèvitè, pa fè sa. »

Li pa t okipe m, li reponn : « Sa Bondye mete sou kè m lan, se li m ap fè. »

Dlo pa t ka rete nan je m, paske m trè sansib devan jès moun ki gen bon kè. Lè li fin fè sa, li di m : « Fò m al achte yon bagay pou ou pou w bwè. »

Menm moman an, Lespri Bondye sezi m nan machin lan. Mwen tande Bondye di m :
« Fè l vin chita kote w la lè l fini, devan machin lan. »

M start machin lan, mwen pase è kondisyone a, epi mwen lapriyè pou li. Mwen deklare ak fòs :
« Ke anee sa a pa fini san Bondye pa fè w vwayaje! Ke Li mete w o laj nan lavi, ke Li rasazye w ak favè, epi ke Li konble w ak benediksyon. Paske Bib la di : ‘Chak moun ki bay yon pwofèt menm yon vè dlo, li kalifye pou l resevwa rekonpans pwofèt la.’ »

Wi, gen Bondye ki rekonpanse dirèkteman, men gen pitit Bondye tou ke syèl la chwazi pou bay otorizasyon pou rekonpanse lòt moun.

Ou anvi konnen sa ki te pase aprè aksyon Bondye te poze a ?
👉🏽 Ale li touswit Temwanyaj #17 la, ki se rès Temwanyaj #16 sa a.

— Pasteur Evenson Marcelus