Kèk jou aprè aksyon sa fin pase, m te touprè ponp Dabòn lan pandan m pral Leyogàn, lè sèvitè a wè m, li pran souri. Li louvri de bra l. M kanpe, epi m desann vit machin lan, m salye l e se la li pral di m :
« Papa pa m ! Kisa pou m achte pou ou pou w bwè ? Ou make lavi m. »
Mwen di : papa w anfòm. Ou pa bezwen al achte bwason. Se gade m gade, li di m : « Tann mwen la. »
Li kouri monte nan Market la, mwen oblije rete tann li. Mchita nan machin lan. Li vin ak dlo e ak yon bwason.
Se lè sa li pran rakonte m ke yon moun ke l pa janm tande lontan ekri l nan telefòn pou di l voye paj paspò l ba li. Li fè sa, epi sou twa jou Biden li tonbe, e l pa t gen yon goud. Kòmanse depi nan rad ak tout lòt frè l ap gen bezwen, Bondye met moun sou chemen l ki regle tout bagay.
Pandan l ap pale ak mwen e rakonte m dimansyon sa ki pase a, li pran kriye tèlman l ap di Bondye mèsi paske l te ba l chans pou rankontre ak mwen.
Mwen menm bò kote pa m, m pa t ka kenbe dlo nan je m, tèlman m t ap kriye tou paske Bondye te pran pawòl m pwononse yo o serye e fè sa janm te deklare l la. Nou tèlman kriye jou sa.
Lè finalman m santi gen moun ki ka vin di nou : « Mesye, sa nou genyen ki fè n ap kriye konsa ? »
M start machin lan, m pase è kondisyone a e m monte tout vit pandan sèvitè a chita kote m lan. Nou kriye ! Nou priye ! Nou chante ! E nou rejwi ansanm nouvèl pòt sa ke Bondye te louvri pou li, ki t ap travèse anpil moman difisil.
Konsèy mwen pou chak moun k ap li temwanyaj sila. Onore moun ki se moun Bondye tande. Moun sa yo toujou pote gras ki plis ke lajan e se yo gen dwa de desizyon sou anpil bagay sou latè. Pawòl nan bouch yo peze lou sou lavi moun yo pwononse.
Pa neglije obeyi lè Bondye met yon bagay sou kè w pou w fè pou li. E ou menm tou, moun ki gen alyans ak Bondye, pa anpeche moun pran benediksyon pa yo nan fè sa ki byen pou ou e ak ou, menmsi se pou tèt yo yo vrèman fè l. Sa y ap jwenn kòm rekonpans ap toujou plis pase sa yo te fè pou ou a.
Pasteur Evenson MARCELUS