TEMWAYAJ #19 :
Mwen souvan li kòman Bondye konn itilize anpil gason ak fi ki se òm ak fanm de revèy. Gen nan yo menm ki konn debake nan lopital, e depi moun malad la resevwa yo, li jwenn gerizon. Sa te pouse m priye anpil nan lane 2013, pou Bondye te kapab itilize m pou gerizon anpil moun ki malad.
Nan menm ane sa a, Bondye pale avè m. Li di m ale nan Sant Tibèkiloz ki Signo a pou m brize malediksyon ki sou lavi anpil moun, malediksyon sa yo anpeche yo resevwa gerizon. Mwen obeyi, mwen ale vrèman, epi yo ban m otorizasyon ofisyèl pou m priye ak malad yo. Yo menm ba m yon jou espesyal pou m travay ak yo. Se te chak dimanch.
Nan premye jou m rive a, mwen antre nan yon sal kote te gen yon jèn fi ki t ap tounen yon eskelèt, tèlman l te deseche, li sèlman t ap tann jou pou l trepase. Se te malad ki pi grav nan lopital la. Yo avèti m pou m pa avanse twò pre l, paske ka pa l la te trè konplike. Men mwen santi yon fòs nan nanm mwen ki pouse m pou m priye pou li. Mwen kòmanse chante, adore Bondye, epi aprè sa mwen lonje men m nan direksyon l, menm ak distans la. Mwen kòmanse deklare pawòl lavi sou li, paske mwen kwè Bondye gen plan pou zosman deseche yo (Ezekyèl 37).
Pandan m ap priye, mwen santi m travèse nan yon lòt dimansyon. Priyè a pa t yon senp priyè ankò, men li tounen yon priyè pwofetik. Mwen di :
“Ou menm maladi tibèkiloz ki kenbe fanmi sa an otaj, ou te touye manman l ladan l isit la, mwa pase a ou te touye kouzin li nan menm lopital sa a, men mwen deklare w p ap touye l. Li pral viv pou l temwanye byenfè Bondye!”
M vin sonje yon pawòl Bondye te di m lè l t ap rele m.
Jérémie 33:3 Invoque-moi, et je te répondrai; Je t’annoncerai de grandes choses, des choses cachées, Que tu ne connais pas.
Lè m fin di sa, demwazèl la pete yon sèl rèl kriye, epi li di : “Jezi sove m!” Menm moman an Lespri Bondye sezi l, e mwen santi lajwa Bondye ranpli l. Lè sa a, mwen deklare avèk otorite :
“O non Jezi, mwen brize tout malediksyon k ap opere sou lavi w!”
Sa te tèlman etone m, paske m pa t fin konprann sa k t ap pase a. Mwen oblije pran kaye m ak plim mwen pou m fè yon ti entèvyou ak malad la. Mwen mande l non li, kote l soti, e li reponn avèk anpil klate. Lè sa a, mwen poze l kesyon :
“Poukisa ou t ap kriye anpil pandan m t ap priye a?”
Li reponn mwen :
“Sa k pouse m kriye, se paske anpil moun te pase priye isit la, men pèsonn pa t janm di anyen sou sa k te lakòz mwen nan sitiyasyon sa a. Men Bondye itilize w pou w revele bagay moun pa t konnen yo : kijan manman m te mouri isit la, kijan kouzin mwen mouri menm kote sa a, e kijan mwen menm tou m te kandida lanmò. Men jodi a, Bondye vin mete m deyò nan prizon sa a!”
Mwen souri, paske mwen te santi lafwa l t ap vin dyanm nan Bondye. Se lè sa a li montre m Bib li epi li di m :
“M konvèti deja wi, e m batize deja.”
Mwen te fè prèske 3 semèn travay bò kote malad yo nan lopital la. Mwen te ansenye yo sou malediksyon, sou konsekans li nan lavi moun, e sou kijan pou yo stope li avèk lafwa ak konesans Pawòl Bondye. Kòman pou yo mande Bondye padon pou sa yo fè ki louvri pòt malediksyon nan lavi yo.
Sa ki te fè jwa kè m, se lè sou katriyèm semèn, mwen pase ankò nan lopital la, tout malad mwen te priye pou yo te egzeyate, paske yo te geri nèt! Tristès mwen sèlman, se paske mwen pa t gen chans wè jèn fi a ankò. Men mwen beni non Bondye, paske yo te mete l nan yon sal k ap tann lanmò, men Jezi te mete l deyò!
Mwen vin konprann yon verite ki enpòtan anpil :
Konprime ak siwo bon, men lè se yon malediksyon ki anba rasin maladi a, se boutèy siwo Pawòl Bondye, gwo deklarasyon lafwa ak otorite ki koupe rasin maladi a, pou moun al viv delivrans yo.
Si w twouve Jezi pwisan kite yon kòmantè pou w di: Viv Pwisans Bondye
Pasteur Evenson Marcelus