TEMWANYAJ #20
Mwen souvan konn li vèsè sa nan Bib la, 1 Pierre 3:10 :
Si quelqu’un, en effet, veut aimer la vie et voir des jours heureux, qu’il préserve sa langue du mal et ses lèvres des paroles trompeuses.
Yon eksperyans ki rive m nan ministè pral fè m konprann pi plis ki danje ki genyen nan pale moun mal.
Yon aprè midi, m te soti nan lokalite Lakolin Deland, e m t ap file sou motosiklèt pou m ka rive lakay mwen. Lè m sèlman rive lakay mwen, telefòn mwen pran sone. Epi m di madanm mwen :
— Cheri, reponn telefòn lan pou mwen. Aprè ma vin pran l.
Lè madanm lan fin di :
— Alo ! Bonswa !
Moun lan di l se frè X m bezwen pastè. Gen yon ka la ki bezwen entèvansyon l an tout ijans. M kouri pran telefòn lan, epi m di :
— Sèvitè, nou ka pale.
Li mande m :
— Ou te fè k sot pase bò lakay la ?
Mwen reponn :
— Wi.
Epi li di m :
— Gen yon gwo pwoblèm la akoz de ou.
Sa te vrèman etone m, paske m konnen m pa gen anyen ak pèsonn, e m pa moun ki gen konfli ak moun. Epi li di m :
— Se sè Y ki malad byen grav la prèt pou mouri. Li santi nanm li ap soti nan li. Li prèske endispoze, e se li menm ki gentan kouri vin kote m lan pou m kouri rele w pou li.
M mande :
— Sa k pase menm ?
Frè X di m :
— M ap kite li rakonte w.
M di l :
— Ebyen, ok.
M pran pale ak sè a :
— Alo, sè Y. Sa w genyen ?
Li reponn :
— Pas, padon m ap mande w, silvouplè. M pa kapab ankò. Tanpri, padone m.
Se ak anpil dlo nan je, melanje ak kri, li ap repete pawòl yo :
— M pa t dwe fè sa. M pa t dwe di sa.
M di l :
— Pale ak mwen klè, paske m poko twò konprann sa w ap di yo. Ou di yon bagay ? Ou fè yon bagay ke w pa t dwe fè ? Avèk kiyès ou fè sa ?
Li reponn :
— Wi, pastè ! Talè a, pandan w ap pase sou moto a bò lakay la, mwen tande yon vwa ki di m pou m modi w. E m kòmanse jete malediksyon sou ou. M kòmanse pwononse mal kont ou. Mwen di : “Gade lè figi vòlè a ! Gade lè figi vagabon an !” Mwen pa konnen w konn vòlè, ni w se yon vagabon. Okontrè, lè maladi vle manje m, depi w priye pou mwen, Bondye toujou geri m. Mwen mande w padon, pastè a.
Li kontinye di :
— Depi lè m fin modi w ak joure w la, mwen santi nanm mwen pa vle rete nan kò m ankò. M tande yon vwa k ap di m : “Anh ! Ou modi ak joure sèvitè m lan ? Ou p ap ka kontinye viv si w pa mande l padon.”
Mwen te frèt kou mab, paske mwen apèn sot pase bò lari a, mwen salye l, epi distans mwen rive lakay, Bondye gentan soti yon arè pou lanmò sibit li.
Li kontinye ap kriye :
— Padone m, pas ! Gen pitye pou mwen, souple, pa kite m mouri !
Se te ak dlo nan je, e anpil rèl, li te kontinye ap enplore padon m.
Mwen di l :
— M padone w tout sa w te di de mwen. Bondye padone w tou, fanmi. Ke l gen pitye pou ou. Ke l pa gade sou pawòl malediksyon w te pwononse kont mwen yo. Ke l retire pye w nan filè lanmò, ke l pwolonje jou w yo, e w viv yo nan lapè.
Sa te vin pouse m al fè yon rechèch espesyal sou medizans ak konsekans li sou dire lavi moun. Konsa, m vin tonbe sou vèsè sa :
Proverbes 13:3 — Celui qui veille sur sa bouche garde son âme ; celui qui ouvre de grandes lèvres court à sa perte.
M vin konprann lè w veye sou bouch ou, ou veye sou nanm ou. Demwazèl la pa t veye sou nanm li. Gen moun ou pran plezi pale l mal, w ap soufri konsekans lan, e w ka menm mouri sibitman. Modi moun Bondye wen se konn chimen ki louvri pòt pou w pa mouri nan tan ki te fikse. Pale moun Bondye leve ak onore se konn chit ou vè tonbo.
Pa fè menm bagay ak moun ki pa konnen Bondye, k ap pale sèvitè Bondye mal, k ap sal imaj yo ak repitasyon yo. Se bagay ki peze lou nan mond espirityèl.
Pasteur Evenson MARCELUS
Pasteur Evenson Marcelus
@à la une