TEMWANYAJ #25

Se te nan ane 2024, kèk semèn avan anivèsè nesans mwen rive ki se 5 mas, mwen t ap reflechi sou pi bon fason pou m selebre fèt mwen ane sa.
Pandan m ap li Bib mwen, mwen tonbe sou kèk vèsè ki te vrèman atire atansyon m. Mwen te konprann byen vit ke Bondye t ap montre m sa pou m fè pou m byen selebre anivèsè m.

Ann li ansanm vèsè yo ak mwen nan Lik 14:12-14 :
“Lè ou fè yon fèt (manje midi oswa yon dine) pa rele zanmi ou, ni frè ou, ni fanmi ou, ni vwazen rich ou; otreman, yo va envite ou an retou, e ou va resevwa rekonpans ou.
Men, lè ou vle fè yon resepsyon, envite pòv yo, enfim yo, bwete yo, ak avèg yo.
Konsa ou va beni, paske yo pa ka ba ou repons. Rekonpans ou va vini lè moun ki jis yo va leve soti vivan.”

Lè m fin li vèsè sa yo, mwen vin santi ke m potko janm selebre anivèsè m jan Bondye ta renmen an.
Se vre, m te konn ale evanjelize, mennen plizyè nanm bay Bondye, e pafwa m te konn pote manje ak lajan bay moun ki TB nan lopital Signo a. Men sa m te li a, se te yon lòt nivo obeyisans.

San pèdi tan, nan demen, mwen fè plizyè ti kat envitasyon, epi mwen pase sou plas Leyogàn.
Mwen envite yon bon valè moun : pòv, enfim, malad, avèg ak lòt moun ki an difikilte. Mwen te envite yo vin patisipe nan fèt nesans mwen.

Yon semèn aprè, nan jou menm anivèsè m nan, mwen desann al chèche yo ansanm ak yon chofè, avèk machin pa m akonpanye chofè a tou.

Nou te pran direksyon Bosejou kote dekorasyon an te deja pare, tab yo byen ranje, manje ak bwason ap tann envite yo.

Lè yo rive, mwen ede yo desann machin lan, chak moun jwenn plas li, epi mwen salye yo avèk anpil lanmou.
Mwen di yo mwen rekonesan paske yo te fè m favè pou yo vin selebre avèk mwen, e mwen eksplike yo kijan Bondye te gide m pou yo te vin envite espesyal mwen nan jou sa a.

Apre sa, yo lave men yo pou n te kòmanse manje.
Men pandan m ap gade, mwen remake yon jèn gason k ap kriye seryezman. Sa te touche kè m.
Mwen pwoche bò kote l, mwen pase men m sou tèt li, epi mwen mande l sa l genyen.

Avèk dlo nan je, li di m konsa :
“M te toujou doute de lanmou Bondye gen pou mwen. Mwen te toujou reve jwenn chans pou m chita sou yon tab tankou tout moun, ap manje byen jan m konn wè sa nan fim yo ak moun ki soti nan gran fanmi. Men jodi a, Bondye reyalize rèv sa a. Se premye fwa m dekouvri gen moun ki renmen m sou tè sa.

Lè m fin tande, pawòl sa yo fè m pa ka kenbe dlo nan je mwen. Mwen konsole l, men mwen oblije fè yon ti vire kite yo pou m al kriye an kachèt, paske pawòl sa yo te frape kè m anpil.

Apre kèk minit, mwen tounen bò kote yo sou tab la. M pa vle yo wè m rete lwen yo tou. Yo tout te kontan, e yo te mande pou m manje avèk yo. M te chita nan mitan yo ap manje.
Se te yon moman ki make lavi m pou tout tan.

Majorite moun zòn lan rive lakay mwen, e mwen wè plizyè tou ki t ap kriye paske yo wè plizyè jèn fi ak jèn gason tankou yo ki nan sitiyasyon difisil.

Se rete m rete m wè yon banm moun lan zòn lan ki di pastè, ou pz ka pran benediksyon an pou kont ou. Plizyè valiz gentan al fèt ranpli ak manje ak rad tou pou moun yo.

Lè m kòmanse distribye anvlòp bay moun yo. Se rete m rete m wè yon bann moun nan zòn ki kouri al lakay yo, ak chèche lajan epi yo pran simen kòb sou moun yo. Sa fè jwa kè m paske aktivite a chanje de yon bagay pèsonèl a yon anbyans kolektiv.

Depi jou sa, mwen pran desizyon pou m toujou pote lajwa nan kè pòv yo chak fwa m jwenn okazyon fè sa.
Mwen aprann yon gwo leson :
Se pa lè w envite gwo zotobre oswa moun ki ka envite w an retou, w konvenk Bondye.
Men lè w deside obeyi pawòl Li, fè byen san enterè pèsonèl, se la w prepare rekonpans ou nan men Bondye.

Kilè w ap poze yon aksyon tou piti koulye? Fè yon ve ak Bondye non si l fè tèl bagay ke w konnen ki nan volonte l pou ou, di l men sa w ap fè pou li? Si w te renmen temwanyaj la like pòs la, pataje l epi kite yon kòmantè.