TELWANYAJ #9

Se te yon 2 novanm 2024. Li t ap fè anviwon 7 è nan aswè lè yon zanmi m, yon jèn gason ke m apresye anpil e ki renmen travay Bondye, te kontakte m pa telefòn. Li gen yon frè ki fou, detanzantan, foli a fè l pete kouri. Bagay la te parèt trè konplike.

Se te nan menm peryòd kote m t ap prepare aktivite kwazad pou mwa Desanm ak Ministère Efficace. Mwen toujou retire prèske youn a 2 mwa pou lapriyè, ant sware ak matine, soti nan 11h30 nan aswè pou rive 2h nan maten. Se nan moman sa yo m konn jwenn direksyon Bondye sou kwazad la: jwenn tèm lan, kòmanse prepare chan tèm, prepare prèch, mande Bondye dimansyon ki konpatib ak travay la, paske m pa renmen aktivite kote pouvwa Bondye pa demontre. Kote moun ap vin malad, posede retounen konsa a.

M te oblije mande Marnot, ki sou foto a, pou l vin demen swa. Mwen pot ko ka reponn dènye mesaj li paske fò m t al konsilte madanm mwen epi mete l okouran pou nou lapriyè sou sa avan.

Ou pa mande m koze! Dosye a tèlman konplike, se gade m gade m wè kat gason ateri lakay la ak yon jèn gason k ap tranble, tèt li pati, k ap pale di yon bann pawòl san sans nan menm nwit la. M ba yo chèz pou kalme yo epi mwen di yo: « Nou mèt rete tèt frèt. Demen maten tout bagay ap ok. » Nèg yo gade m. Se kòmsi yo ta anvi di m epa pastè sa fou tou😃😃😎 Gen youn ki di m: « M t ap kontan sa, pastè. » Gen youn di : « M t ap swete sa pastè ». Epi l di ankò : « Apa pastè a se yon jèn ti gason ». M ri nan kè m paske onksyon ak gras Bondye sou lavi moun pa konn jèn ni timoun.

Kèk tan aprè, nou leve pou n al kote m toujou al lapriyè a Nou grenpe yon tèt mòn. Kat nèg yo soutni jèn gason ki fou a epi nou monte sou mòn nan nan yon fredi ki vrèman move. M fè yo mete l kouche, epi tout lòt moun kouche tou paske priyè a pa ta pral kòmanse touswit. Gen twa nan mesye yo ki al fè wout yo epi Marnot, gran frè jèn gason an, rete kouche.

M te di l: « Se nan blòk 11h30 n ap tanmen lapriyè. » Plizyè lòt manm Ministère Efficace ki t ap prepare espirityèlman pou kwazad la te la tou. Semèn ki pase a, nou t ap lapriyè pou Bondye dirije sou chemen nou moun ki malad, moun ki fou, pou n ka teste pouvwa ak dimansyon nou jwenn nan tan lapriyè n ap pase yo.

Kou l fè 11h30, m leve kèk moun pami nou ki te nan dòmi. Nou kòmanse chante ak lapriyè. Pou sware sa, nou antoure moun fou a epi nou lapriyè seryezman pou li. Apre sa li kouche. M redi ankò: « Nou mèt ret tèt frèt. Demen pa ka antre pou misye pa nèf. Pèp la di Amèn! »

Demen maten vre, li leve nèf. San l p ap pale anpil, ni repete pawòl san sans. E l chita nan bon sans li. Li mande kote l ye la. Lè sa a, frè l pran esplike l sa k te pase epi l remèsye m. Li di m: « Pastè, mèsi anpil! »

Sa k te etone m plis se lè Marnot gran frè jèn gason ki te fou a di m: « Pastè, m t ap renmen konnen kòman misye fè delivre rapid konsa. M pa konprann sa.» Se lè sa m pran esplike l apèl Bondye fè m: li te espesifye m pou moun ki fou, moun ki gen pwoblèm pa ka fè pitit, moun ki kokobe. Souvan, m wè nan sonj mwen m ap priye avèk yo. E m te di: lè w ret nan entimite ak Bondye epi konn sekrè ki genyen nan rele Bondye lajounen kou lannwit, Bondye p ap pran tan pou delivre w rapid.

Leve non lapriyè lajounen kou lannwit nan dosye w la ki nan volonte Bondye. Wa ban m nouvèl!
« Et Dieu ne fera-t-il pas justice à ses élus, qui crient à lui jour et nuit, et tardera-t-il à leur égard? » (Luc 18:7)

Pasteur Evenson MARCELUS