YON ZANMI MWEN PRAN NAN PWAZON
Jeremi 33:3
âRele m, mâa reponn ou. Mâa fè ou konnen gwo bagay, bagay ou pa t janm konnen.â
Yon swa, pandan m t ap chita devan tab mwen ap medite Bib la, yon bagay etranj rive m. M pa t fin konprann si se yon ti dòmi ki t ap pran m, men san m pa reyalize, mwen wè yon gran ekran tou limen parèt devan je m.
Nan vizyon an, mwen wè m te nan mitan savann Cercey, epi yon vwa k ap pale byen nan syèl la pou di m:
âParenn maryaj ou, zanmi w pran nan pwazon. Demen maten, ale priye ak li.â
M te sezi! Mwen mande vwa a:
âKi moun ki ba li pwazon an?â
Vwa a reponn:
âVire je w gade dèyè ou.â
Lè m vire, mwen wè se yon frè legliz ke m konnen trè byen e se menm moun sa a ki zanmi parenn maryaj mwen an. Sa frape m tankou yon kout loraj! Pandan m toujou ap reflechi, ekran an montre m yon lòt sèn: parenn mwen voye zanmi sa a achte manje kwit pou li, pandan yon lòt pèsonaj nan vizyon an chita bò kot parenn mwen ap souke tèt li epi li di konsènan parenn mwen:
âAla nèg nayif papa! Ala nèg nayif papa!â Epi apresa ekran an disparèt net.
Lannwit la te deja avanse, m te fatige, m ale dòmi san m pa reyèlman konprann si m te reve oswa vizyone.
Demen maten, m ale lekòl teyoloji kote m t ap etidye ki se SÊminaire ThÊologique de la Nouvelle Vie, nan Fontamara, toupre lopital san fwontyè a. Parenn maryaj mwen menm tou se etidyan nan menm lekòl la, sèlman li te gen yon ane anplis mwen.
Nou achte manje ansanm, e m pa menm sonje rakonte l sa Bondye te montre m yè swa a. Apre rekreyasyon, nou separe, chak ale nan klas li.
Men nan apremidi a, li santi li pa byen. Li tèlman gen doulè, yo oblije kouri avè l nan lopital san fwontyè, epi yo ba li medikaman. M pa janm konn bagay konsa. Li rive antre Leyogà n, men kondisyon li toujou grav. M ap eseye kontakte l nan telefòn, men m pa rive jwenn li.
Se te yon madi swa, e m te gen sèvis priyè nan yon Sanktyè Bethel. Pandan m ap pase nan savann Cercey, m rive egzakteman nan kote Bondye te montre m vizyon an. Lè sa, Lespri Bondye sezi m. M vin raple m sonj lan.
M pa t kapab pale, m pa t kapab panse. Se sèlman Lespri Bondye ki t ap gide m. Mwen mache depi Cercey, pase Dabòn, rive Santo, toujou ap mache sou pye, m tankou yon moun ki sou anba pouvwa Sentespri a, Bondye mennen dirèkteman devan baryè kay parenn mwen ki Santo.
Mwen frape baryè a. Aprè yon ti tan yo louvri pou mwen. Mwen salye l, e m di l:
âM pa t wè w lè lekòl la lage jodi a, sa k pase?â
Li rakonte m kijan li te malad, kijan li t ap kouri ale lopital, e kijan li toujou pa byen. Lè sa, mwen rakonte l vizyon Bondye te montre m. Mwen di l egzakteman kijan li te voye moun lan al achte manje a, e ki moun Bondye te montre m ki te mete pwazon an.
Parenn mwen pran te vrèman etone e atriste. Li di m:
âFiyèl, ou gen rezon. Lè m voye l al achte manje a, mwen tande yon vwa ki di m: âAla nèg nayif papa! Si w kontinye konsa, ou gen pou w fini menmjan ak tèl evanjelis.â
M priye avèk li, e nou mande Bondye gras. Depi menm swa a, li kòmanse reprann fòs li, e jiskaprezan li vivan, ap sèvi Bondye avèk tout kè l.
Kite m di w sa!
Kite Bondye sèvi avè w. Ou pa janm konnen kijan li vle itilize w pou pwoteje lavi yon lòt.
Bondye toujou pale. Li revele pou sove, pa pou pè.
Pa inyore vwa Lespri Bondye. Li kapab direksyon ki delivre ou de lanmò.
Di m ki leson w tire. Ann pale!
â Temwanyaj pa: Pasteur Evenson MARCELUS
Pou Gloire Bondye Sèlman