Gen jan Bondye fin itilize w pou delivrans pèp li, pa gen pi gwo swè Satan pou ou pase lanmò nan yon aksidan ki espirityèlman byen planifye.
Se te fen ane 2023. Nou te fin pase sèt swa kri de nwi nan legliz Alpha e Omega ki nan zòn Sabous. Se pa de moun ki te geri, ni de moun tou ki te libere anba pouvwa demon. Yon jèn fi ki te pèdi kapasite pou mache aprè yon aksidan te rejwenn kapasite l, e yon madanm te vin kanpe temwanye kijan Bondye te geri yon pitit gason l mirakilezman de maladi Sida.
Akoz sa k te pase yo, èn Satan te vin pi plis kont mwen. Chak fwa m te kouche, mwen te konn wè plizyè moun ak flèch ak chèche kote m ye pou pèse m.
Yon swa menm, ke m pap janm bliye, mwen wè yon pèsonaj trè wo, ki te gen yon gwo kòd nan men l, k ap tann mwen nan mitan yon kafou. Lè m pantan sou li, malgre distans la, wotè li te fè m santi m piti anpil. Li fache, li leve pye l ap vanse nan direksyon mwen, e m pran tranble paske prezans li enspire gwo pè. Chak pa li fè, se tankou li kouvri plizyè kilomèt.
Pandan m t ap fè bak vit, m tonbe sou do nan rèv la. Mwen tande l k ap di :
“M te ba yo misyon pou yo pèse w, men yo pa ka pran w. Mwen, Lisifè, m vin mare w an pèsòn paske w ap derespekte travay mwen. W ap mache detwi plan mwen, m vin mare w an pèsòn.”
Pandan l t ap bese pou mare m, m reveye nan rèv la. Sa pa t rive fèt.
Nan demen swa, pandan m ap dòmi ankò, mwen wè se anba yon pyebwa mwen chita, epi yon sèpan vin pou mòde m nan mitan tèt. Men m gentan chape. Lè m leve, m priye, e m vin konprann ke Satan ap chèche touye m a tou pri paske se pa nan pye l vle mòde m men nan tèt. Se siy yon kou mòtèl!
Se te 31 Desanm 2023, dènye jou nan ane a, swa yon jou aprè aktivite kri de nwi an fini. Li te anviwon 5è nan aprèmidi, m t ap deplase pou m al chèche yon miksè nan lekòl ICM lan sou wout Geren an. Anvan w pran kafou ki a an Greta a, mwen rive ak machin lan nan kafou a. Gen yon kamyonèt ki kanpe devan m nan mitan wout la, paske m t ap prepare pou m vire agoch. Mwen limen klinyotan mwen epi m ret tann yon papadap (otobis) ki t ap soti bò lekòl nasyonal Geren an ak tout vitès fin pase, pou m ka travèse lè l fin pase.
Se nan menm moman sa, mwen tande vwa Senyè m lan ki di :
“Pastè Evenson, travèse san reflechi, sinon se lanmò w!”
M leve tèt mwen, m gade nan retwovizè ki devan m, andedan machin lan pou m gade kòman dèyè a ye. Mwen wè kawotchou dèyè bò goch papadap la ki rache ak tout jant, k ap file byen vit, epi rès pati machin lan kote kawotyou a te ye a k ap trennen atè a, k ap fè dife, e k ap balanse pou tonbe sou bò chofè a. M tande gwo rèl nan machin nan dèyè a, paske moun yo te deja sispèk machin nan pral chavire. Mwen menm, mwen te an danje, paske mwen te devan l sou bò dwat. E l te tou sou lòt vwa a a goch li ap file anpil.
San reflechi, mwen obeyi vwa Bondye ki di m : “Desann san reflechi! Fouye pye w nan gaz la!”
Pa t gen machin ki t ap vini bò goch la lè m gade devan, mwen travèse touswit.
Papadap la te deja tonbe sou bò chofè a avan m fin travèse, li t ap griji sou asfalt la ak gwo bri. Mwen jis fin retire tèt mwen, e pandan m soti sou asfalt la, li pase egzakteman kote mwen te ye a. Li frape kamyonèt ki te devan m lan — blowwww! — li lage l sou twotwa a, li kraze dèyè l plat. Sa vle di machin mwen an t ap kraze ni dèyè ni devan si m te rete. E pou ak fòs sa pase a e sa m wè k rive kamyonèt la. M pa kwè t ap gen lavi pou mwen.
M tande gwo rèl k ap fèt, m louvri pòt machin mwen, m desann ak kè m k ap bat fò. Mwen t ap di :
“Bondye, mèsi, paske Ou sove m! Ou pa kite machin nan kraze m!”
Gen yon mesye ki kouri vin jwenn mwen, li di :
“Jèn gason, ou fò anpil wi! Kòman ou fè soti tèt ou nan aksidan sa? »
M reponn li :
“Se pa mwen ki fò men se Bondye m ap sèvi a ki mete m deyò!”
Li di m :
“Sa w ap sèvi a, sèvi L fò!”
M kouri al wè si m te ka ede retire kèk moun ki te bloke anndan papadap la. Nou reyisi retire plizyè moun ki t ap soufri, ki t ap rele pou èd.
Nou t ap chèche chofè a, men pèsonn pa t konnen si li te monte oswa desann. Lè sa a, moun yo kòmanse temwaye ke li te t ap bwè tafya avan li deplase, e li te deja frape yon chofè moto nan Leyogàn. Li t ap kouri pou sove, e se sa ki te lakoz aksidan sa a.
Se te 31 Desanm, e se te yon miksè sèlman m t ap pral chèche pou m ka al bay Bondye yon dènye louwanj ak adorasyon nan legliz Baptiste Philadelphie, pou tout sa Li te fè nan lavi m pandan ane a.
Bondye pi fò! Li te mete m deyò. M pa kache di nou : pa t gen moun ki te ka chante, danse, ni vole devan Bondye plis pase mwen swa sa a, paske vwa Senyè a te sove lavi mwen.
Bondye delivre, Li toujou pale, e Li toujou pwoteje sila ki gen alyans ak Li.
Kite yon kòmantè pou bay Jezikri louwanj.
Pasteur Evenson Marcelus