Gen fanmi w soti, si w pa jwenn yon papa, yon moun ki plante nan Bondye ki sèvi w kouvèti espirityèl, gen kote w rive w ap bloke. M sonje yon demwazèl yo te rele Lovena Mételus, ki te rive vin fou nan Aken. Tout kote fanmi l te pase ak li, yo pa t janm jwenn solisyon.

Yon bon maten, yon matant li ki rele Stephania Joseph rele m. Li di m :
— Pastè, dènye espwa m se ou. S’il vous plaît, ban mwen otorizasyon pou m mare l, pou m pran machin antre Leyogàn avè l.
Pawòl li yo te vrèman touche kè m, menm san m pa t konnen kijan istwa sa t ap fini. Mwen di l konsa :
— Ou mèt vini ak li.

Aprè kèk moman de konba nan lapriyè, soti minwi pou rive 3è nan maten, Bondye delivre demwazèl la. Depi lè sa, li wè m kòm yon papa pou li, paske papa li te deja mouri.

Lè l vin nòmal san okenn pwoblèm, li retounen Aken. Men, rive li rive, moun ki te soti pou manje l yo lage dèyè l. Li vin bèbè, prèt pou l mouri. Pandan m chita, telefòn mwen pran sonnen : se fanmi l ki debòde ap rele m.
Lè m dekwoche, matant li di ak anpil tristès :
— Sove m, pastè, paske pitit la bèbè e prèt pou trepase la!

M pa pèdi tan. Mwen fè yon lapriyè ki chita sou otorite espirityèl ke Bondye ban mwen. Mwen di met telefòn lan bò zòrèy li epi m di:
— Lovena, m deklare o non de Jezi ke lang ou delye ! Pa pouvwa ak otorite syèl la ban mwen, mwen òdone w pale o non de Jezi !

Nan menm moman an, mwen tande li pouse yon gwo kri. Apre sa, ak yon vwa fèb, li rekòmanse pale. M te sezi ! Bondye te fè yon lòt mirak ankò.
Moun yo retounen Leyogàn avèk li menm jou a. Yo mande m ak madanm mwen pou n kenbe l pou yo, paske lavi pitit la an danje.

Depi lè sa, li abite lakay nou. Nou konsidere l tankou pwòp pitit nou. Nou voye l lekòl, nou pran swen li, epi li vin tounen yon timoun trankil, ki respekte moun anpil.

Yon maten, li leve byen pwòp : li bwose dan li, li lave je l, li pral benyen, paske li ta prale konpoze nan egzamen leta Nèvyèm ane. Men, yon ti tan aprè, mwen tande l rele :
— Anmwey, papa, mwen avèg !
M sezi ! M di :
— Sa w ap di konsa ?
Li reponn :
— Papa, m pa wè anyen vre non !

Fenomèn lan parèt etranj, e mwen te santi se pa t yon bagay natirèl. Premye jou egzamen li rive, men ènmi an vòlè vizyon fizik li. Si vizyon l pa t retabli, li p ap ka al konpoze. Se te yon gwo defi espirityèl pou mwen, paske se te premye fwa m fè fas ak yon ka konsa nan tout ministè m.

M pwoche bò kote l. Yon sèl moman an, Lespri Bondye sezi m ! Mwen santi yon kouran espirityèl travèse m, se tankou m vin tounen yon fil wot tansyon k ap pote kouran Bondye. Kè m bat vit. Motè m ap bat tankou yon machin dizèl ki ap mache pandan l ap tranble. Mwen santi m vin tèlman chaje ak pouvwa Bondye. Zèv ènmi an pral defèt byen vit.

Se lè sa, Bondye pale avè m. Li di :
— Se lòm fò nan fanmi l ki fè sa. Li pa vle moun rive lwen lekòl nan fanmi an. Mwen di Bondye mèsi pou revelasyon an epi aprèsa.
M di byen fò :
— Lòm fò ! Mwen nan Kris sila ki pi fò a. Sila ki pi fò a abite nan mwen !
M kontinye di :
— Lespri de fòs, ki se youn nan manifestasyon Sentespri a, avèk mwen. Kris depouye w deja de tout pouvwa ak otorite. Devan m ou livre an espektak. Mwen deklare ke, osi lontan Lovena anba otorite m ak kouvèti m, demwazèl sa ap fini lekòl li. Jezi, Sovè m lan, vini pou detwi zèv ou. E l banm pouvwa pou m mache sou ou. O non de Jezi, m defèt sa w fè a. Mwen restore vizyon l. Ke li wè pi klè pase jan li te konn wè anvan !
Yon minit pa t pase ! Vizyon pitit la retabli. Mwen kriye :
— Mèsi, Seyè !
Li mare m, li pran kriye. Mwen pase men sou tèt li e m di :
— Osi lontan w rete nan levanjil, pa gen okenn lòm fò nan fanmi k ap anpeche w fini lekòl. Al prepare w, pitit mwen !

M desann nan lekòl nasyonal Dabòn lan. Mwen mennen l konpoze e mwen pale ak Mèt Pòl Maso, ki te ansyen pwofesè m paske pou ane sa li te responsab jesyon syèj sila. Mwen di l :
— Sa se pitit fi m. Pran nimewo m. Si ta gen pwoblèm, rele m dirèk.
Bib la di : “Fè lagè ak pridans.” Mwen suiv pawòl la, epi mwen fè wout mwen ak kè kontan.

Lovena konpoze, e li bwote pwen nan egzamen an. Depi lè sa, li kontinye etid li san pwoblèm. Ane sa, li deja nan dezyèm ane agwonomi li.

Se konsa, Bondye montre m ankò ke kouvèti espirityèl se pa yon jwèt. Lè yon pitit, yon moun jwenn yon papa ki chita sou wòch la, ni lanfè, ni “lòm fò”, pa ka bloke destine li.

#Di #nou #Si #w #edifye

Nou #pa #envante #temwanyaj #Nou #bay #temwanyaj

Pasteur Evenson MARCELUS