Nan lavi gen pwoblèm ki chèche kote w ye. Konsa tou, gen lòt pwoblèm se ou ki chèche kote l ye. Pou temwanyaj sa m pral pataje ak nou an, se mwen k te chèche pwoblèm mwen.

Mwen te leve yon bon maten, mwen ap reflechi ak apot Kris yo kòman yo te foul pwisans, rich ak temwanyaj de gerizon ak liberasyon nan plizyè domèn. Mwen vin santi yon santiman revòlt anndan m. Mwen kòmanse di tèt mwen : Èske se sa m ap fè yo ki pa levanjil, oubyen Bondye chanje ? M vin trè fristre e anvi menm bay koze levanjil la vag, malgre apèl Bondye sou lavi m. Twòp moun malad legliz, twòp moun posede k pa janm libere, twòp moun dyab ap manje, twòp moun ap pale de Bondye san siy ak prèv ke Bondye a pwisan e l pa chanje.

Se rete m rete, m wè apeti m koupe pou manje akoz sousi ki te abite kè m pou m vini trè pwisan e pote solisyon Bondye kote m pase.

Mwen rele madanm mwen epi m di l : « Cheri, levanjil pwisan m wè nan Bib la, se 2 twa grenn moun ki ap fè l se plis bif mwen wè k ap fèt kounye a. M vle pote gras Bondye ak pwisans li e vin yon solisyon Bondye ak anpil pwoblèm sou latè. M pral fè 7 jou ak 7 nwit jèn san m pa bwè dlo, san m pa manje, paske si sa k te konn fèt nan lavi apot yo se laverite, fòk mirak ak temwanyaj Bondye va ban mwen pou glwa non l anpil e sa dwe konfime ke levanjil se yon pwisans vre e m se kretyen tout bon. »

Koken pete ! Madanm lan nan sansibilite pou mari l pa vle tande koze sa. Finalman li di m : « W ap fè jèn lan an 2 fwa, w ap fè yon premye twa jou, 3 nwit, men chak 6h nan aswè fò w ta pran yon ti labouyi. » M pale avè l e pran tèt li pou m montre l ke m dakò m ap fè l an 2 fwa a, men kesyon labouyi a, m pa ladan l. Li vin dakò ! M pa vle al fè sakrifis sila pou pa gen yon antant epi pou jèn pa jwenn egzosman Bondye.

Mwen antre nan yon chanm kay epi m fèmen tèt mwen ak yon boutèy dlo sèlman, yon radyo ak yon tlf san sim pou m ka woule enstrimantal pou kenbe atmosfè a.

Jou ak nwit yo t ap pase youn apre lòt, e adorasyon, lapriyè m devan Bondye t ap vin pi entans chak jou. Men, chak li pral fè midi, madanm lan vin priye ak mwen, aprè li ale. M sispèk se veye l ap veye si m pa endispoze anndan an.
Dèfwa m pa santi m byen menm men m pa ka fè lach pou madanm lan pa di li te pale m.

Nan twazyèm jounen an, m kite chanm kote m te ye a pou m ka monte sou yon tèt mòn pou m lapriyè, paske anndan kay la te trè cho. M santi jenou m yo vle afebli, m vin mèg tankou yon ti zwazo nan bwa ki òfelen. Mwen te al jene a, m te bliye pran sentiwon m tèlman pantalon m te byen chita nan senti m. M vin tèlman mèg, pou m monte mòn lan mwen pran kadna k te nan pòt la, mwen mete l nan 2 premye pasan pantalon m ki bò zip pantalon m. Chak fwa m gade tèt mwen, gen rezon pou m ta tris paske m pa rive rekonèt mwen.

Anba anpil redi, mwen reyisi monte tèt mòn lan. Pandan m rive, m di : « Bondye, gad eta m fizikman. Montre m sa m jwenn espirityèlman akoz 3 jou a »
M sèlman fin fè priyè a, m wè yon demwazèl k ap grenpe mòn lan. Tlf li nan men l, l ap chèche ond pou nèt li ka byen pase. M tande Bondye di m : « Ou bezwen konn sa w jwenn ? Rele demwazèl sa, libere l pou mwen, w ap kòmanse konnen sa w jwenn. »

Se yon demwazèl m konnen ki te legliz, ki chite kèk jou. M rele l, epi m kòmanse pale avèk li, mande l pou tout jenerasyon l, lolll, m poko ka vin dwat. E yon lide vin nan lespri m, paske souvan lè moun yo posede yo konn wè moun vin kouche ak yo nan dòmi.

M di l : « Ou pa konn fè vye rèv ? » Li di : « Wi ! » M di l : « Ou pa konn wè moun vin pou antre nan relasyon ak ou nan dòmi ? » Li di m : « Wi ! » M di l : « Èske m ka lapriyè pou ou ? M se yon pastè ki trè respekte nan zòn bò lakay mwen. Depi gen yon ka moun yo vin jwenn mwen priye pou yo. » Li di : « Pa gen pwoblèm non, pastè. »

Mwen di l : « Ajenouye pou m priye pou ou. » Li ajenouye l reyèlman. M sèlman lonje menm a distans e m pral di : « M kòmande tout espri ki nan ou o non de Jezi. »

Demwazèl la gentan tonbe, li posede e espri a pran manifeste. Mòn lan an pant, li kòmanse vle woule atè. Nan kè m mwen di : « Senyè, apa m antrave. M deja pa gen fòs, m tou mèg, e se kadna ki sèvi m sentiwon. E se anba goumen m fin monte mòn lan. Souf mwen ap monte desann epi w lage m nan zen sa. »

Sa k touye m plis nan sitiyasyon an, pandan m ap eseye ajenouye m pou m kenbe l atè a pou l pa woule, jenou m al frape nan yon wòch. Bagay la reponn mwen nan fon kè m, tout san m trezayi se kòmsi doulè a reponn mwen nan tout po tèt mwen. Mwen anvi kriye, men wont anpeche m kriye.

M di nan kè m, nan fè priyè Kasongo : « I want problem ! » Gade nan kisa m met tèt mwen.
Mwen di : « O non de Jezi ! » pandan m pa ret anyen pou m kriye tèlman doulè m atwòs. Vwa m vin tankou vwa yon nonm ki al dige gèp, e gèp menm ta lage desen dèyè l k ap rele Bondye sove l.

M santi se kòmsi Satan kontan, yon lòt bò, l ap di : « Se bon pou ou. Ou anmède bouda m twòp. » Nan vwa m ou ka wè se yon gwo sòlda k ap chèche pye l pou l kouri, paske doulè frakti fizik li resevwa twòp pou li.
M rele ak ti rès fòs m rete a : « M chaseu wwwwwww  » Doulè pa ban m tan pou m fèmen bouch. M voye espri a ale an dyòl sirèt.

Demwazèl la repanti e pran plas li nan menm jou sa.
Apresa li ale fè wout li. M tann li kòmanse desann mòn lan.

M kouche plat atè, de pye m yo ap tranble e doulè jenou an met anpil dlo nan je m tèlman soufrans mwen te anpil.

Se vre m an tristès, men m te kontan tou paske m vin dekouvri m gen yon pwisans ki ka opere ak distans. 3 jou jèn lan pran bote m, grès mwen, men li ban m yon pwisans pou fasilite mirak opere. M vin santi m konte vrèman pami moun ki kwè yo, e pwoblèm mwen ka pote solisyon pou lòt yo.

Di m sa k make w plis nan temwanyaj la. Ki leson w tire?

Pasteur Evenson Marcelus