TEMWANYAJ #10
Nan levanjil la, chak moun pote yon gras espesyal Bondye ba li. Men pafwa, gen moun ki pa toujou rann yo kont de gras sa, ni konnen kijan pou sèvi avè l pou beni lòt yo.
Ban m rakonte w yon eksperyans pèsonèl mwen fè nan ministè a, pou w ka konprann pi byen reyalite sa.
M sonje gen yon madanm bò lakay mwen ki rele Camelite , nan zòn Bosèjou, ki t ap soufri ak yon kansè nan sen. Doktè yo te oblije koupe tete a, men li te vin fè maleng epi madanm lan te vin ap soufri anpil. Doulè a te tèlman fò, li pa t ka dòmi ankò pandan plizyè sware. Yon swa, lè li santi souf li prèske koupe, li mande moun lakay li pou yo voye chèche m pou m priye pou li.
Pandan m te chita lakay mwen vè 7h konsa, gen 2 moun ki vin rele m. Yo rakonte m sitiyasyon madanm lan, e kè m vin plen ak konpasyon. San pèdi tan, m leve, m ale avèk yo.
Lè m rive, madanm lan di m konsa :
— Pastè m lan, ou wè nan ki eta m ye? M santi se zantray mwen ki anvi rache, tèlman tete a ap fè m mal. E sa k pi fè m lapenn toujou, se paske m pa dòmi depi plizyè jou.
M gade l dousman, epi m reponn li :
— Ou pral dòmi fanmi!
Li souri yon ti jan, li di m :
— Evre, pastè m lan? Depi ou di sa, m kwè. M konnen kijan Bondye konn sèvi avè w.
M di l :
— Ban m chante pou m ka kòmanse lapriyè.
M kòmanse chante yon premye stwòf nan yon kantik. Pandan m ap chante, m remake je l kòmanse fèmen dousman. Lè m antre nan dezyèm stwòf la, avan m menm rive nan twazyèm lan, madanm lan kòmanse wonfle. M souri paske piki kalman an antre.
Tout moun ki te nan chanm lan t ap gade m, yo t ap souke tèt yo tèlman yo sezi. Mwen menm, m sispann chante, m di nan kè m :
— Mèsi, Senyè.
San m pa di anyen ankò, m bay tout moun yo lapè, epi m kite yo an silans. M file m al lakay mwen.
Nan denmen maten, yo di m madanm lan te mande :
— A kilè priyè a te fini? Paske depi kantik la te kòmanse a, m pa t konnen anyen ankò.
Depi jou sa, chak swa, moun yo kontinye voye chèche m pou vin priye pou li. Men sa ki te etone m, se chak fwa m ap chante menm kantik la, madanm lan tonbe nan dòmi menm jan an. Mwen te vin konprann ke gras Bondye te manifeste pa mwayen yon bagay senp — yon kantik — pou bay somèy ak kalme doulè.
E depi lè sa, mwen pa t janm lapriyè lè m rive. M te toujou chante menm kantik la. E l te toujou dòmi avan m ale.
Se konsa Bondye montre m yon verite:
Ou pa janm konnen ki gras ki anndan yon kantik. E pou Bondye aji nan ki fason l ap itilize w. Petèt se yon pawòl, yon chan, yon souri, oswa yon jès senp. Men chak fwa ou sèvi ak li pou ede lòt yo, ou fè volonte Bondye.
Sèvi ak sa Bondye mete nan ou a ak kè kontan, paske souri ak konsolasyon lòt yo chita nan obeyisans ou. Bondye toujou sèvi ak moun ki dispoze pou soulaje doulè lòt yo.
Like / Kòmante / Pataje piblikasyon an pou edifye yon lòt moun.
Pa bliye di m sa w renmen nan istwa a.
Pasteur Evenson MARCELUS