TEMWANYAJ #21

Douvan misil Satan lanse, sèl moun ki gen lafwa e ki konn kòman pou l egzèse pawòl ki gen otorite k ap ka rete kanpe tankou yon anti-misil pou detwi tout zèv Dyab la. Pawòl Bondye se zam espirityèl la, epi lafwa se sistèm defans ki fè l efikas.

Se te yon vandredi swa, pandan kri de nwi Ministère Efficace, yon asosiyasyon ke mwen fonde ansanm ak plizyè lòt manm ki soti nan divès kongregasyon evanjelik. Kri de nwi an te apèn demare. Adorasyon an te monte nan yon lòt dimansyon; atmosfè a te chaje ak prezans Bondye.

Se lè sa menm plizyè moun vin kouri sou chè legliz la kote m te chita pou rele m.
— “Pastè, kouri vit, gen yon madanm k ap vomi san san rete! E chak fwa li fin vèse, san yo disparèt!”
Mwen te oblije poze kèk kesyon: “Sa k rive l menm?”
Yo reponn mwen: “Anvan l te kòmanse vomi, li te di li wè yon fanm ak yon kouwòn sou tèt li ki te pote yon bag ba li nan dòmi yèswa, men li pa t pran l. Pandan adorasyon an, li remake se menm fanm nwa sa a ki soti kote l soti, epi l ak yon kouto byen long nan men l, li pike l anba kè.”

Fenomèn nan te parèt etranj. Mwen te sezi, epi m di nan kè mwen: “Kòman derespektan sa fè posib? Kòman dyab fè oze pike yon moun nan mitan sèvis nan mitan travay m ap fè pou Bondye?”

San pèdi tan, mwen swiv moun ki te vin chèche m yo. Lè m rive sou plas, espwa te parèt fini pou anpil moun, paske dam lan te gentan pèdi anpil san, e chak fwa li vèse, san an disparèt aprè youn a de minit sèlman. Moun yo te antoure l, genyen ki kriye, genyen ki pè, men mwen kòm lidè responsab m te santi nanm mwen gen yon sèl bagay pou m fè: egzèse otorite Kris la ban mwen.

M gade tout moun e m di yo: “Tout moun antre legliz la!” Mwen te vle kreye yon atmosfè lafwa, pou evite sitire atmosfè laperèz la. Lè sa a, mwen lonje men mwen sou li, paske li te kontinye soufri ak san k ap koule yo.

Mwen deklare avèk fòs:
“Pa pouvwa ak otorite Bondye ban mwen, san an, mwen stope w! M fèmen tout kote kout kouto Satan te gentan antre. Mwen refèmen chè sa ki te louvri espirityèlman, e mwen deklare, o non de Jezi, pa gen yon gout san k ap koule ankò! Mwen anpwazonnen e rann san zefè tout san ènmi an te deja bwè”

Nan menm enstan an, tout bagay sispann. San an te kanpe nèt, epi aprè kèk minit, dam lan leve kanpe, li vin ap respire nòmalman, epi li retounen nan sèvis la pou l bay Bondye glwa. Tout moun te sezi, legliz la t ap chante avèk lajwa, e nou te ka santi pouvwa Bondye ap sikile tankou yon rivyè nan mitan nou.

Apre evènman sa, mwen vin konprann pi plis toujou ke Satan p ap dòmi. Li toujou ap chèche devore moun li jwenn aksè lakay yo. Men, Bondye ba nou zam espirityèl tou pou nou reziste li. Se poutèt sa, chak kwayan dwe viv ak lafwa, nan sentete, epi rete soumèt devan Bondye. Paske se sèl moun ki kanpe nan otorite Kris la k ap kapab kenbe tèt douvan tout “misil” Satan lanse kont yo.

Like/ Komante / Pataje pòs la
Pasteur Evenson Marcelus
@à la une