TEMWANYAJ #12

Yo konn di Satan mètdam, se kèk bagay ki pou rive pou w dekouvri vre. Satan se yon mètdam li ye !
Yon jou m leve m fin lapriyè, se rete m rete mwen wè yon mesaj monte sou telefòn mwen :
— Kouzen, se Ernso. M ap bezwen w pou n fè yon ti pale.

M prese reponn nan sousi pou m konn sa k genyen paske nou grandi ansanm. Nou gen yon bèl istwa ansanm, nou se pitit 2 sè. Aprè lanmò manman m, se sou menm kabann nou konn kouche ap bay blag tout lannwit lakay grann li Lokansi. Kèkfwa n konn leve lannwit tou al fè bèf nou manje ansanm. Nou toujou al jwe foutbòl ansanm. Li anndan tèren ekip Full Feeling lan, epi m te sèl ata
kan pwent. Li konn jan pou l mezire m pas yo.

— Sa k pase kouzen ?
Li reponn mwen :
— M gen madanm lan ki fin akouche la men timoun lan pa janm vle pran tete. Li te konn pran l, men se depi l fin fè yon sonj pwoblèm lan kòmanse.
M di li : rakonte kouzen w sonj lan.
— Madanm lan di m : li wè se yon ti bebe l ap bay tete, apresa vizaj ti bebe a chanje an vizaj yon granmoun nan sonj lan. Li pran tete madanm mwen, li mete deyò epi li tete madanm lan. Depi lè sa, pitit la pa vle wè tete manman l e l pa janm vle bwè tete a ankò.

Mwen di li :
— Ala Satan frekan mesye ! Bon ki radòt sa ! Ret tann mwen m ap vini.
M file al lakay li, e l vin rankontre m nan wout. Lè m rive, sa fè m lapèn pou ti pitit la ki pa janm pran tete a. Mwen priye e rekòmande espri vye grann sa ki gen men l tranpe nan zak malonèt espirityèl sa.
Apresa, m di l :
— Ou pa gen lwil oubyen pomad la ? Si w jwenn lwil bb tou, se san pwoblèm.

M pa moun ki kwè nan lwil sent raketè prepare pou regle zafè yo sou tèt pèp Bondye a. E m alèji tou ak vye odè lwil demachè sou non Bondye sa yo. Yo banm yon ti lwil bb, epi m priye sou li pou mete l apa paske Bib la di : « Tout est sanctifié par la parole. »
Apresa, m fè kouzen m pare men l. M vide yon ti lwil nan pla men li epi m fè l pase lwil sou tete madanm li.

Aprè sa, m di :
— Tete, m pale ak ou. M deklare dezòmè mwen sanktifye w nan non Jezi. Se pou tout zèv Satan ki te fèt pou bb pa janm pran tete vin san zefè. Mwen beni w e m deklare se pou w gen lèt e se pou bb tete w nòmal.
Apresa, yo banm savon ak dlo, m lave menm. Epi mwen di kouzen m :
— Se fini wi kouzen. Bb pral pran tete nòmalman. Ou mèt kwè m.
Li di :
— M kwè sa kouzen.
Avan m ale, mwen di l :
— Aprè yon ti tan, fè madanm lan byen lave tete yo epi bay pitit la tete.

Ou pa mande m koze ! Aprè yon titan, m fè lave tete a pou retire lwil bb kibte ladan l lan. Se rete m rete m wè avan m al lakay mwen : bb ap pran plezi l nan tete a depi jou a. Yo tout te sezi e beni non Bondye.

M vin di w maten an : Bondye pa chanje. Li gen pwòp plan l pou l chanje move plan Satan fè nan dòmi. Bondye sove pitit la ki jiskaprezan ap viv byen pwòp.

Like #Kòmante #Pataje #Pou #Edifye #yon #lòt #moun

Pasteur Evenson MARCELUS

viralvideochallenge