Se yon sware m p ap janm bliye. Aprè m te fin pase yon jounen trè fatigan, lannwit te deja mete pye lè, sanzatann, yon mesaj monte sou WhatsApp mwen :
— Bonswa, pastè ! Kòman w ye ? Bò kote pa m, m pa byen ! Ou pa konnen m non. Se yon moun ki ban m kontak ou. Mwen gen yon pitit mwen ki gen twa (3) jou depi li pa janm fèmen je l. Mwen al lopital ak li, yo ban m medikaman, men anyen pa mache.
Pawòl sa yo te penetre byen fon nan kè m. M te santi lapenn nan nanm manman sa a, ki deja frape plizyè pòt, men san okenn solisyon.
Mwen di l san ezite :
— Wa vin jwenn mwen demen aprè midi, lè m fin soti travay. M ap tann ou a 4h p.m nan lokalite Bosejou.
Li te mande m plis esplikasyon. Mwen te ba li l rpi li di m ok l ap vini demen si Bondye vle. Mèsi
Aprè yon ti tan, dòmi pote m ale. Lè m leve aprè kèk èdtan, m kouri benyen pou m al travay. Mwen pase jounen an ap ansenye, epi lè lekòl fin relache, mwen tounen lakay mwen dekouraje ak fatige.
Rive m rive lakay, m kouche. Dòmi repote m ale. Pandan m nan fon somèy, madanm mwen reveye m. Li di m :
— Dam ou te gen randevou a rive.
M leve chita, m savonnen vizaj mwen, m byen abiye, epi m soti. Mwen salye dam lan ak pitit la. Madanm mwen pran plas bò kote m, paske m pa twò renmen chita san li pa la pou asiste m nan ministè m. E pou veye dyab tou k ap met pyèj.
Dam lan pran rakonte m tout sa l ap andire. Pandan l ap pale, m vin santi depi se fado l ap rakonte, yo tout vin sou do m. Dènye espwa l se Bondye m nan.
M fin pale ak li, epi m di l :
— M pral priye. Pitit ou a pral dòmi. Wa di Bondye mèsi aprè.
M toujou ap chèche glwa Bondye nan sa m ap fè paske m pa konn anyen ak gen pwisans vre. M tankou yon avèg Bondye ap gide pou fè eklate glwa l.
Li reponn :
— Ok, pastè.
Madanm mwen fin chante yon kantik. M pran pitit la, m kenbe l nan bra m. Pandan m ap priye, ti pitit la kòmanse bay kout tèt. Li kabicha, epi dòmi pran l menm kote a.
Dam lan gade m, de (2) ran dlo koule nan je l. Li soti pou l mete ajenou nan pye m pou l di Bondye mèsi. Mwen di l :
— Non, m se yon moun menm jan avè w.
M pran men l, mwen leve l. M remèt li pitit la, ki kontinye dòmi nan bra l. Apre sa, mwen ak madanm mwen kondwi l mete l bò lari a pou l ka pran moto.
M retounen ak yon santiman rekonesans, paske yon fwa ankò, Bondye sot rebay lajwa ak yon manman ki te nan gwo lapenn.
Si w gen lafwa, Bondye kapab fè l ak ou tou. Pa kouri doute ke li pa posib. Priye, Bondye ap montre w kijan pou sòti nan sa w ye a.
Bay Jezi glwa, paske li pa chanje.
Tout sa li te fè yè, li ka fè l ankò jodi a.
🙏Kite yon “Amen” nan kòmantè a si w kwè sa.
👍🏽 Like epi pataje l pou edifye yon lòt moun.
🙏🏽 Ke Bondye chanje tristès ou yo an jwa.
— Pasteur Evenson MARCELUS