“EFFICACE CLUB DES ENFANTS” : Lè lanmou Bondye travèse fwontyè yo.

Lanmou mwen pou timoun se yon bagay ki depase tout fwontyè.
M toujou santi m boulvèse lè m pa ka reyini yo pou ogmante sou kontantman yo.

Yon bon jou, mwen pale ak madanm mwen, epi mwen montre li nesesite pou m mete sou pye yon estrikti pou timoun yo.
Se konsa nou te fonde “EFFICACE CLUB DES ENFANTS.”

Lanmou madanm mwen pou timoun te fè li ankouraje m san rete pou aktivite sa e l fè l tounen ministè pa li anndan vizyon Senyè a ban nou.

M reyini timoun yo, epi sou tèren Bosejou, istwa a kòmanse.
M achte kòd pou yo sote, balon pou yo jwe, sirèt ak bonbon pou yo manje, sab pou yo sote. Mete dlo pou yo bwè.

Tout sa, se pou m te pote yon ti lajwa nan fon kè yo.

Men kèk mwa aprè , mwen vin manke mwayen pou m kontinye fè sa m swete a.
M ale priye, epi m di Bondye :
 Si ou renmen timoun vre, jan mwen li sa nan Bib la, voye ban nou tout sa w wè n ap bezwen pou n ka òganize bèl fèt nou vle fè pou timoun yo. 

Lè m fin priye, mwen rete tann Bondye pwouve m li renmen timoun vre.

Pandan m chita lakay mwen, yon kouzen m vin kote m. Mwen pa t la. Li di madanm mwen: “Di Kouzen m, gen yon moun ki voye yon gwo bwat pou li. Li di se pou timoun ki nan club la, pou fèt ki pral fèt la.”

Lè m vini. Madanm lan banm nouvèla. M di nan kè mwen : “Sa kouzen m ap di konsa…”

Mwen pa abitye mande moun. Se sou Bondye, lapriyè m, lafwa m ak pòch mwen m konte sèlman.
M di piga li twonpe moun, paske mwen pa t pale ak pèsonn sou fèt timoun yo.

Anvan m al chèche bwat la, mwen mande nimewo madanm lan pou m kontakte li.
Lè li reponn telefòn nan, mwen di :
“Bonjou madam, se pasteur Evenson.”

Li di pastè m nan. Sèvitè Bondye vivan an. Kòman w ye?
Mwen di: M trè byen ak Jezi.
Li di m : “Se ou menm Bondye renmen konsa ! Rete la! Rete nan pye Bondye.”

M sezi, paske mwen pa konn madanm lan, men li konnen m byen.
Li rakonte m jan li te tande temwayaj sou travay Bondye ap fè ak mwen nan zòn Bosejou.

Li di :  Mwen te prepare twa bwat pou voye an Ayiti. Lè m rive sou twazyèm lan, sa ki pi gwo, m tande vwa Bondye ki di m : ‘Ekri non pasteur Evenson sou li. Bwat sa se pou li bay timoun mwen yo manje pou fèt li pral fè pou yo a.’’

Lè m poko vle. Li di m: Dat w ap voye bwat bay moun ou konnen, fanmi ou. Si se fanmi ou, moun ou konnen, moun ou dwe yo sa w toujou fè l. Ki gwo bagay ou fè konsa? Jiskilè w ap fè yon kout bay moun ke w pa menm konnen konsa ma remèt ou sa.

Dam lan di, li te sezi anpil, paske se premye fwa Bondye pale avè l konsa. Li obeyi epi l ekri nonm sou bwat la.

Kèk jou aprè, bwat la te vini an Ayiti.

M ale chèche bwat la. Li te chaje ak manje ak tout sa nou te bezwen pou fèt timoun yo. Mwen te ajoute ak achte tout lòt bagay nou te bezwen.
Avèk èd sa a, nou fè yon gwo fèt pou timoun yo.
Bondye te pwouve lanmou Li nan yon fason ekstraòdinè.

Nan menm jou swa sa a, syèl la te kontan.
Bondye vizite ni mwen, ni madanm mwen, nan menm sware a.

Madanm mwen te wè nan rèv li yon pèsonaj k ap souri ak bat bravo pou li, epi ki konfime sali madanm lan. M fin fè sonj pa m lan m reveye. M wè madanm lan kouche se sou ak ri l ap ri nan dòmi.
Epi mwen menm, nan menm sware a, mwen tande yon vwa fò ki rele m epi li di m :
“Vole !”

M eseye sote pou m ka vole, epi se wè m wè pye m ap monte, san yo pa touche tè ankò.
Se tankou m gen yon bagay ki pase anba pye m epi fòs la leve m anlè, epi vwa a di :
Evenson, jodi a m kòmanse leve ou an diyite. Gade ènmi w yo anba : yo pap janm ka fè lagè avè w ankò, ni pote laviktwa sou ou.

Depi jou sa a, syèl la leve m an diyite.
E depi lè sa, ni nan dòmi, ni nan lavi reyèl, m pa janm pèdi yon sèl konba kont ènmi an.

“Lè w sèvi Bondye ak tout kè w, syèl la louvri pou ou.”
Pataje temwanyaj la, like epi kite yon kòmantè.

Chèche wè sa w ka fè pou Bondye epi kite syèl la vizite w.

Pasteur Evenson Marcelus
@Ă  la une

viralreelschallenge

fypシ゚