TEMWANYAJ #11
Yon aprè-midi kote fènwa te prèt pou l mete pye, mwen menm ak madanm mwen t ap monte nan Legliz Centre du Réveil pou n al lapriyè. Pandan n ap mache sou wout la, mwen wè bèl madam ki sou foto a — yo rele li nan lokalite Bosejou, Viergemène k ap pote sou do li yon gwo jèn gason, se te pitit li. Jèn gason an te nan yon eta trè kritik, e pa t ret anyen pou fè l “vwal pou peyi san chapo”. Lwa te monte madanm lan, paske li te rive nan dènye bout espwa li. Nou se Ayisyen, nou konnen trè byen sa sa vle di lè yon manman, ki soti nan bitasyon, ki kwè nan sa l ap sèvi, angaje e ka a ap vik pi grav. Se kouri wè si la gentan rive nan bitasyon li pou al limen balèn, jete dlo, rele sa l pa wè yo etc…
Avèk gwo chan lwa nan bouch li, pitit la sou do li, kat mare katòz, li pase bò kote m lan tankou yon van. Li t ap file pou l al sekwe demanbre a, pou l sove lavi pitit li, Louixson Saint-Louis. M santi kè m touche lè m wè twa nan fidèl mwen yo ki te al wè frè yo ak manman an. Yo t ap suiv dosye a yon ti jan de lwen. Manman an devan nèt, yo menm yo dèyè, ap mache ap retounen sot wè frè yo ke yo te voye di yo k pa bon menm. Mwen kanpe fidèl yo, epi m di yo ak yon ton fèm :
— Nou pa fè lage ka sa nan menm ! 😎
Jezi m nan ka mete misye deyò wi.
Yo reponn mwen :
— Nou kwè sa, pastè. N ap tann lwa a fin ale, epi n ap mande manman an pou l ba w priye ansanm avè l. Se te 3 nouvo konvèti yo te ye.
M kite yo desann, epi m kontinye wout mwen pou m al priye nan sèvis legliz la. Lè m rive, m antre nan priyè byen vit. Mwen di Bondye :
“Se pou w glorifye non Jezi Pitit ou a nan zòn lan atravè ka sa a. Fè yo remèt mwen ka a, pou kwayans twa byenneme yo ka vin pi solid nan ou. Pou lòt moun ka kontinye dènye mo a se nan men w li ye”
Mwen ak madanm mwen deside desann rapid, paske nou pa vle yo vin chèche n epi pou yo pa jwenn nou, ni pou gen lanmò nan zòn nan, paske ka a te vrèman grav.
Aprè anpil chante, anpil rele lwa… Anyen pa tonbe. Lwa a te gentan ale fè wout li. Tout espwa te fin disparèt. Fidèl mwen yo di manman an :
— Sa k fè w pa remèt pastè ka a ?
Manman an reponn :
— Ebyen, rele pastè ka a, paske se pa mwen sèlman. M fè sa tout sa m te kapab. Rele pastè nou !
Kòm se yon kloti ki te separe kay mwen ak yo, fidèl yo vin di m manman an vle remèt ka a. Mwen mande yo pou yo sèvi ak yon twal mouye pou yo retire tout vye odè maji ki te gentan itilize. Apre sa, m di yo pòt kay mwen gran louvri pou malad la.
Plizyè moun mete tèt yo ansanm, yo pote jèn gason an vini. Madanm mwen byen ranje kabann lan pou li, epi yo mete l kouche. Aprè sa, fidèl yo, manman an, ak tout moun tounen lakay yo. Gen anpil moun ki t ap di nan lakou a :
— Depi ka a nan men pastè a, gen espwa.
M santi m vin plis angaje nan dosye a, paske moun yo kwè nan Bondye, e yo konnen kijan Bondye konn delivre. Mwen al mete ajenou devan kabann mwen, epi m di Bondye :
“M pa kwè w rele m pou fè moun ri m nan zòn lan. Montre tout moun nan zòn lan ke m se sèvitè w. Montre fidèl yo ke w pi pwisan pase lwa bò manman yo. Pwouve ak tout moun ke se ou k Senyè pou toutan ak pou toutan.”
Lè sa a, m tande vwa Senyè a ki di m :
“Pitit gason m, ou mèt al kouche. Demen maten, m ap fè l leve pi dyanm pase jan li te ye avan l te malad la.”
M kouche ak espwa. M ap tann demen maten, paske jèn gason an pa t pale, li pa t menm twò konsyan. Ka a te tèlman grav, manman an pa t gen okenn espwa ke pitit li a t ap viv.
Dòmi pran m nan lapè Bondye, ak espwa ke demen maten, tout bagay ap anfòm. Byen bonè, manman an fofile pou l vin wè kòman sa ye. Èske l mouri ? Èske l toujou vivan ? Pandan m ap reveye, m tande plizyè kout “Mèsi Jezi !” deyò a.
M leve vit, m soti, e m wè manman an k ap di Bondye mèsi avèk tout kè li, pandan jèn gason an kanpe bò kote l ap pale ak manman l byen pwòp. M souri, m gade manman an k ap manifeste kontantman l. Li makònen pitit gason an, li bo l. Li vire l li tounen l epi li di m :
— Pastè, mèsi anpil. Menm si pitit la pa konvèti, ou pa gade sou sa. Se pou Bondye kontinye beni w.
Konsèy mwen pou ou, se pou w kontinye fè Bondye konfyans, e toujou mete tèt ou disponib pou fè travay Li. Bondye toujou fidèl pou glorifye non Li nan lavi moun ki kwè l tout bon vre.
Like/#Abòne #ak #paj #la/#Kòmante/#Pataje #l #pou #edifye #yon #lòt
Nou #pa #fè #temwanyaj #nou #bay #temwanyaj
Pasteur Evenson MARCELUS