TEMWANYAJ #22
Mwen sonje yon jou, gen yon byenneme ki envite m nan seremoni maryaj li, aprè yon semèn predikasyon n fin fè nan « L’Église de Dieu de Carrefour-Vert ». Mwen reponn byenneme yo pozitivman pou m vin asiste dewoulman seremoni an.
Jou a rive. Mwen abiye m, byen abiye. Epi m prepare m pou m sòti lè m tande Bondye di m: Non. Pa abiye ak koulè sa.
M di nan kè m: Janm chik la, Jezi!
Epi m tande vwa Senyè a ki di m: Se mwen ki konn tan ak sikonstans yo. Wa banm rezon pita. Fè sa m mande w la. Mete kostim gri sa, met chemiz blan anba l, epi mete kravat woz somon sa. Men ki koulè soulye pou w mete.
Mwen pa renmen goumen ak Bondye, paske L gen lespri pase m.
M fè tout sa L di m yo.
Madanm mwen di m:
— Ou pa santi w chèlbè konpè pan!
Mwen souri.
Li di m:
— Jan depi w fin abiye sa, ou se sèl konesè. Se pou w pase nan tout miwa ki anndan an, paske w kwè nan konn abiye w.
M gade l, epi m di l:
Bondye vle yon lòt bagay pou jodi a.
Mwen chanje m, e m abiye m vre jan Senyè a di m lan.
Se te nan maryaj Benson Présumé ak Roseda m ta prale.
Pandan m rive Leyogàn, pandan m ap pase bò Juventud, vwa Senyè a kontinye pale ak mwen pou di m:
Antre nan Barber Shop sa. Byen tyase cheve w, paske pou sa m ap bezwen w lan fò w chik.
Mwen obeyi.
Kou cheve m fin desann yon ti kras, epi tyas depoze nan tèt la, m pran moto m, mwen file.
Lè m rive nan legliz la, m fin paking moto m, epi m kanpe devan legliz la.
M jwenn mesye marye a k ap kouri monte, kouri desann. Li ap chèche parenn maryaj la, li pa vini. Lè l pran gade ki moun ki plis sanble avèk li, se te mwen!
Li rive kote m byen vit, epi l di:
— Pastè, men sa m gen la. Se ou menm sèl ki sanble ak mwen la, ni nan koulè kostim, ni nan koulè soulye, ni nan koulè kravat.
M pa konn pouki menm santi sou kè m pou m pran w pou temwen ofisyèl maryaj mwen. W ap ka rann mwen sèvis la?
Pandan l ap pale ak mwen, se konsa m tande vwa Bondye ki di m:
Reponn li pozitivman.
Mwen reponn li, mwen di l:
— Pa gen pwoblèm.
Mwen al kanpe, byen chèlbè, bò kote marenn lan, epi m kwoke men dwat mwen nan men goch li.
M ap mache tèt leve, tòs bonbe, m kare dèyè m tankou lè w fin fann de tranch lam veritab. 😂
Epi m ap taye payèt, paske Sentespri te gentan kalifye m pou m parenn nan yon maryaj san m pa konnen.
Anpil foto tonbe nan jou sa, manje menm fè mikala w, men podyab mwen, m pat twò gen apeti.
Tout moun se vin bay parenn lamen, bo parenn, gwo felisitasyon. Tout moun wè parenn kòm yon gwo grannèg ki kanpe nan maryaj la poutan se gras Bondye e entimite m ak li ki abiye m epi voye m vini.
Gras Bondye se yon pakèt afè tande.
Si w ret nan pye Bondye, Li ka retire w nan lis yon envite e plase w kòm temwen ofisyèl.
Se sa k fè, depi m ap soti, m toujou mande:
Seyè, sa w vle m mete?
Paske gen pwogram, si w vle koulè pwotokòl la, fòk ou gen mo Bondye. Gen move grenn ki abiye menmjan ak ou y ap chèche tou pou touye. Konsa pou w pa pase pami foul la. Fòk ou jwenn konsèy Bondye.
Pasteur Evenson MARCELUS