Se te mèkredi 5 mas 2025. Te gen anviwon 15 etidyan, ansanm ak yon Agronòm ki se pwofesè nan Centre Universitaire de Développement Intégré (CUDI), nan Miragwàn. Yo te deplase pou al fè yon staj senk jou nan yon lokalite yo rele Pèleren, ki nan Okay.
Byen bonè nan maten, tout etidyan yo te leve pou y al prepare yon basen pwason. Yo pase tout jounen an ap travay, ap monte, ap desann, jouk lè solèy la te kòmanse kouche. Lannwit t ap antre, yo deside retounen nan espas kote yo te loje a, toujou nan Pèleren.
Se te yon sware ke tout moun te kwè ki t ap nòmal. Elas! Se ta pral rèl kay makorèl!
Apre yo fin retounen, se te moman pou yo te prezante rapò sou travay yo. Pwofesè a te fè twa gwoup de senk moun, pou yo prepare ekspoze yo.
Li te divize yo pou plis konsantrasyon :
li voye de gwoup deyò,
li kite youn anndan paske ekspoze a ta pral kòmanse a 8 è nan aswè.
Men, pandan l te prale 7 è, yon gwo rèl pete nan mitan gwoup ki te rete anndan an.
Se te yon veritab panik!
Yon etidyan annik rete l sot tonbe, aprè l fin fè yon gwo kri. Tout moun t ap rele l aprèsa, men elèv la pa t janm reponn. Lè a t ap vanse, e pèsonn pa t konnen ki direksyon pou yo pran paske dosye a te depase kapasite yo.
Gen moman nan lavi se apèl ou ak alyans ou gen ak Bondye k ap jwe an favè w. Nan mitan tout sa, Lovena Métélus, yon jèn demwazèl mwen te deja pale de li nan youn nan temwanyaj yo te pran pawòl paske l ap etidye agwonomi e l te nan staj 5 jiu sa tou.
Lovena se te yon jèn fi ki te abite lakay mwen pandan plizyè ane, e ki te vin avèg jou li te gen pou al konpoze nan Nevyèm Ane nan Lekòl Nasyonal Dabòn lan Bondye te delivre. Li konnen gras Bondye fè e se moun chak fwa li wè yon ka ki merite yon entèvansyon espirityèl ki gen pou di m: « Papa, si w te la. Dyab sa te ale deja. »
Li di ak lòt elèv yo :
“Se lapriyè nou konn fè, ann lapriyè!”
Yo te priye anpil, men dosye a te twòp pou yo. Tout sa yo te fè, anyen pa t mache.
Pwofesè a, ki se yon Agwonòm, te antre nan lapriyè tou, paske enkyetid la te rive wo.
Dènye mo a yo te rete kwè, se sèlman nan men Bondye l ye.
Bagay yo pral vin pi konplike!
Etidyan ki te frape espirityèlman an pouse yon lòt rèl pandan l atè a, touswit yon lòt etidyan tonbe posede!
Pandan y ap priye pou 2 premye yo, yon twazyèm frape!
Panik total. Se te yon veritab dezolasyon. Youn te deja twòp men l vin twa etidyan.
Chak elèv te kòmanse ap mande tèt li :
“Ki moun pwochen viktim lan?”
Bagay yo t ap vin pi konplike, nwit lan te vin pi move e dezespwa ak laperèz t ap paweze nan lespri chak moun.
Boutofon, li te 9 è nan aswè, lè telefòn mwen kòmanse sonnen san rete.
Lè m reponn, se Lovena k ap rele m, vwa l t ap tranble, ki montre m byen ke pitit la an danje.
“Papa, sove nou!
Maladi sezi twa nan etidyan yo pandan n ap prepare rapò a la.
Sa fè prèske 1 è 30 minit, tout sa nou fè anyen pa ka mache.
Nou priye, nou chante, men pa gen solisyon.”
M poze l plizyè kesyon :
Kijan sa te kòmanse?
Ki jan manifestasyon an fèt sou chak etidyan?
Èske gen moun ki te fè rèv oswa vizyon avan fenomèn sa rive?
Èske yo konn konsa deja?
M t ap chèche fè yon dyagnostik espirityèl de sitiyasyon an.
Yo te mete m sou yon speaker, gras ak yon radyo Bluetooth ki te akonpaye yo.
M di yo pou yo pa panike, paske Bondye m nan pral pran kontwòl sitiyasyon an.
M di banm yon ti tan, m pran yon lòt telefòn m te mete yon mizik enstrimantal kretyèn pou kreye yon atmosfè espirityèl.
Mwen kite chanm kote m te kouche a. Mwen antre nan machin mwen e m chita. M monte tout vit paske prezans Bondye konn abitye sèvi m è kondisyone lè m pa gen anpil gaz nan machin mwen e m vle fè ekonomi. Anndan machin lan te vin frèt kou mab poutan m pa pase è kondisyone.
Lè sa, m kòmanse pale ak anpil otorite tankou yon lyon ki fache kont sa k fèt la paske pitit li ak zanmi pitit li yo menase:
“Di m kijan premye etidyan an rele.”
Yo banm non an.
M leve vwa mwen di byen fò :
“Espri mechan, mwen kòmande ou, kite kò tèl elèv nan non Jezi!”
Aprè m di leve chita.
Li pouse yon gwo kri, epi elèv la li libere. Li leve chita.
Yo di m :
“Gen youn ki bon!”
M mande dezyèm non an.
M fè menm priyè a.
Li pouse yon rèl, epi m di: « leve chita », li te delivre tou.
Twazyèm lan, non l se te Romelle. Se li m sonje nan tout non yo.
M kòmande espri a menm jan an.
Li pouse yon gwo rèl, epi li di :
“Maleeeeeee!”
Apre sa, mwen priye pou yo tout, pou Bondye sekirize yo pou rès jou staj yo.
Depi lè sa, pa t gen ankò ni rèl, ni tèt fè mal, ni okenn lòt pwoblèm paske yon vwa otorize ki te entèdi dezòd la.
Pandan w ap li temwanyaj sa,
kite m di w :
Bondye vle fè ou tounen yon ajan de lòd espirityèl,
pou pote lapè kote dezòd ap gouvène. Si w poko konvèti, si w te chite e w ta vle reprann plas ou ekri m sou messenger. M ap kontan priye ak ou ede w a restore.
Pou m fini, Se te ak anpil respè, admirasyon mwen t ap tande elèv yo k ap di m “mèsi pastè.”
Mwen menm bò kote pa m, mwen te pran admire Jezi plis, pou pouvwa ak otorite non l genyen.
Dlo pa t sispann koule nan je m, m fè yon priyè remèsiman, m te kriye pran kriye pi plis toujou,
paske mwen te vin pi konsyan ke
syèl la rekonèt ak valorize chak deklarasyon ki soti nan bouch mwen.
Èske w ka di m nan kòmantè kisa w tire kòm leson nan temwanyaj sila.
— Pasteur Evenson Marcelus