Yon madanm paralize retounen lakay li nan nòmal li.
Nan dat 16 oswa 17 desanm lane 2019, Bondye te opere yon gwo mirak nan lavi yon madanm ki te paralize. Chak ane, Ministère Efficace, ki se yon asosiyasyon kretyen ke Bondye te itilize m (#Pasteur #Evenson #MARCELUS) pou fonde, toujou òganize aktivite kri de nwi. Nan rankont sa yo, Bondye souvan opere anpil mirak nan lavi moun yo. Se poutèt sa, chak fwa peryòd sa rive, anpil lòt legliz fèmen pòt yo nan vandredi sa yo pou yo ka vini jwenn edifikasyon, gerizon ak libète ansanm ak Ministère Efficace.
Pou ane 2019 la, kantite moun ki te patisipe nan sesyon priyè nou yo te tèlman ogmante legliz la te plen a krake, anpil moun te oblije ret deyò. Lè nou te envite moun avanse pou nou priye pou yo, te gen yon foul moun ki nan gran nesesite lapriyè. Te gen anpil moun tou ki te bezwen yon ti tan pou konsèy ak oryantasyon espirityèl. Sa ki te vle pale avè m sou křk pwoblèm difisil y ap travèse ke yo bezwen konkou lapriyè. Se konsa mwen te oblije pran de jou anplis pou m ba yo tan mwen nan lajounen pou m ka tande moun yo youn apre lòt. Konseye ak priye pou yo san yon goud paske m wè anpil lidè alèkile fè pèp la peye pou wè yo, tande yo epi priye pou yo tèlman yo renmen lajan.😭😭😭 Se kòmsi gras Bondye fè moun lan pi rèd ke yon pwen l t al achte kay bòkò.😡
Nan premye jou a pandan m chita nan yon gran sal nan lekòl kominotè ki nan Kàn Kota a, pandan anpil moun chita sou kèk ban ap ret tann kilè pou moman pa yo a rive. Yon madanm antre nan espas la. Men l te vire, pye l te vire, epi kou l menm li te pote l yon bò. Li vin chita devan m lan plap.
Mwen di nan kè m :
— Senyè, kisa madanm sa genyen ki fè l paralize, e kisa pou m fè pou l resevwa gerizon li?
Se sa mwen rele lapriyè konsiltativ: yon priyè kote ou poze Bondye kesyon pou w konsilte l sou sa ou pa konprann, pou l louvri je w epi ba ou solisyon egzat ak pwoblèm nan. Pandan m ap lapriyè konsa, mwen tande Senyè a di m :
— Li paralize akoz inikite l yo. Si ou vle delivre l touswit, voye l al konfese avè m nan lapriyè konsènan tout sa m pral fè monte nan lespri li la: tout inikite li yo, peche li yo li inyore depi lontan men ki ap travay kont li nan mond espirityèl la.
Nan menm moman an, pawòl Sòm 103:3 monte nan lespri m :
« Se Li ki padonnen tout inikite ou, ki geri tout kalite maladi ou. »
Lè m fin tande sa, m souri paske m jwenn kle a pou m louvri pòt mirak la e mete madanm lan nèf. Rezon an senp Bondye p ap geri l si l pa padone l dabò. Depi sa fin pase li konfese. Kèlkeswa maladi a platfòm gerizon an prepare pou l al fè wout li.
Byen vit m salye l! Epi m kesyone l sou maladi a. Se lè sa a li pran rakonte m jan maladi sa te sezi l nan mitan lannwit. Yo te mennen l nan plizyè lopital, yo te fè tout egzamen tansyon, tout bagay te nòmal. E se depi lè a l tou dòmi, leve paralize.
Mwen esplike l byen kòman pou l konfese peche li yo. Li al nan yon ti kwen pou l fè sa. Pandan li ap konfese, mwen wè je l ranpli ak dlo. Nan kè m, mwen di: “Mwen bon nèt, paske sa se siy priz de konsyans de peche li yo e ki tou louvri plas pou restorasyon an.”
Lè li fin konfese, mwen rele l vin jwenn mwen. Mwen leve kanpe. Mwen kenbe kou l ki te vire a epi mwen di:
— Kou, jodi a menm, mwen mande pou ou redrese nan non Jezi.
Kou a redrese sou plas. Mwen kenbe men ki te vire a ak pye ki te rann li prèske pèdi tout bò a, epi mwen deklare :
— O non de Jezi, mwen mande pou men ou ak pye ou redrese. Tout manm nan kò madanm lan ki te afekte yo obeyi. Tout pati ki te paralize vin nòmal nan menm moman an.
Madanm nan pran makònen m, de ran dlo nan je l l ap sote tèlman l nan lajwa, paske syèl la te vizite l e ba li gerizon. Li tounen lakay li dwat!
Tout sa se pou m ka di w Bondye pa janm chanje tande. Dekouvri poukisa Li rele w epi konsakre w pou ou itil nan wayòm li. W ap wè jan L ap rann ou itil nan sosyete a. Avèk lapriyè ak konfyans nan Bondye, w ap ka ofri klinik mobil san yon goud, epi Bondye va itilize w pou w fè sa doktè pa kapab fè nan non Jezi.
Pasteur Evenson MARCELUS